1 00:00:01,001 --> 00:00:02,000 Materyèl ou pral gade a se yon materyèl nou ofri gras a 2 00:00:02,001 --> 00:00:04,000 Lisans Kreyativite non-komèsyal pou pataje 3 00:00:04,001 --> 00:00:06,000 Sipò ou ap ede Klas Ouvè M.I.T. kontinye ofri 4 00:00:06,001 --> 00:00:09,000 bon resous edikasyon gratis pou tout moun. 5 00:00:09,001 --> 00:00:13,000 Pou bay yon kontribisyon pa w, oubyen pou w gade lòt materyèl 6 00:00:13,001 --> 00:00:15,000 nan plis pase yon santenn kou, al vizite Klas Ouvè M.I.T. 7 00:00:15,001 --> 00:00:22,000 nan sit entènèt: ocw.mit.edu 8 00:00:22,001 --> 00:00:27,000 Tou dabò, pou dezyèm leson sa a mwen ta renmen fè nou sonje 9 00:00:27,001 --> 00:00:30,000 sa nou te fè nan dènye leson an. 10 00:00:30,001 --> 00:00:54,000 Nan dènye leson an nou te defini derive kòm 11 00:00:54,001 --> 00:01:04,000 pant liy tanjant. 12 00:01:04,001 --> 00:01:08,000 Sa se te aspè jeyometrik la. Epi tou, 13 00:01:08,001 --> 00:01:10,000 nou te fè kèk kalkil. 14 00:01:10,001 --> 00:01:14,000 Nou te rive montre ki jan derive 1/x 15 00:01:14,001 --> 00:01:18,000 se te -1/ x^2. 16 00:01:20,001 --> 00:01:27,000 Epi tou nou te kalkile derive x nan n-yèm puisans 17 00:01:27,001 --> 00:01:32,000 lè n=1, 2, elatriye. Se te bay x, eskize m, nx^(n-1). 18 00:01:36,001 --> 00:01:46,000 Alò, se sa nou te fè nan dènye leson an. Jodi a, mwen vle 19 00:01:46,001 --> 00:01:53,000 fin gade kèk lòt aspè sou sa yon derive ye. 20 00:01:53,001 --> 00:01:57,000 Sa enpòtan anpil. Se ka bagay pi enpòtan 21 00:01:57,001 --> 00:01:58,000 mwen di nan leson sa a. 22 00:01:58,001 --> 00:02:01,000 Men, n ap oblije refleshi sou sa ankò lè nou rekòmanse 23 00:02:01,001 --> 00:02:04,000 epi lè nou kòmanse sèvi ak kalkil diferansyèl pou nou rezoud pwoblèm pratik nan lavi. 24 00:02:04,001 --> 00:02:14,000 Alò, n ap kontinye pale sou ki sa yon derive ye, 25 00:02:14,001 --> 00:02:19,000 e sa se suit esplikasyon nou te bay nan dènye leson an. 26 00:02:19,001 --> 00:02:23,000 Nan dènye leson an, nou te pale de entèpretasyonjeyometrik. 27 00:02:23,001 --> 00:02:28,000 Jodi a nou pral pale de 28 00:02:28,001 --> 00:02:40,000 to varyasyon kòm entèpretasyon derive. 29 00:02:40,001 --> 00:02:47,000 Sonje nou te trase graf fonksyon y=f(x). 30 00:02:47,001 --> 00:02:51,000 Epi nou te swiv varyasyon nan x, epi bò isit la 31 00:02:51,001 --> 00:02:56,000 nou te suiv varyasyon nan y. 32 00:02:56,001 --> 00:03:02,000 Nou pral sèvi ak nouvo pèspektiv sa a pou nou suiv, 33 00:03:02,001 --> 00:03:05,000 to varyasyon nan x ak to varyasyon nan y. 34 00:03:05,001 --> 00:03:08,000 Se to varyasyon relatif sa a ki enterese nou. 35 00:03:08,001 --> 00:03:14,000 Sa se delta y / delta x e sa gen yon lòt 36 00:03:14,001 --> 00:03:16,000 entèpretasyon. 37 00:03:16,001 --> 00:03:21,000 Sa se to varyasyon mwayenn lan. 38 00:03:21,001 --> 00:03:26,000 Dabitid, nou ta panse kon sa: Si x t ap mezire yon peryòd tan, 39 00:03:26,001 --> 00:03:32,000 alò mwayenn lan lè sa a, li tounen yon to, 40 00:03:32,001 --> 00:03:35,000 e mwayenn lan kouvri yon entèval tan delta x. 41 00:03:35,001 --> 00:03:45,000 Lè sa a, pou limit la, ou ekri dy/dx, e sa se 42 00:03:45,001 --> 00:03:48,000 mwayenn to varyasyon an, e sa se to ki 43 00:03:48,001 --> 00:03:59,000 kalkile vitès enstantane a. 44 00:03:59,001 --> 00:04:02,000 Bon, sa se lide mwen vle diskite kounyea. 45 00:04:02,001 --> 00:04:06,000 Mwen pral ban nou kèk egzanp. 46 00:04:06,001 --> 00:04:12,000 Ann gade pou nou wè. 47 00:04:12,001 --> 00:04:19,000 Tou dabò, kèk egzanp Nan syans fizik. 48 00:04:19,001 --> 00:04:31,000 Dabitid, Q se non pou yon chaj, epi dq/dt 49 00:04:31,001 --> 00:04:33,000 se sa ki kouran. 50 00:04:33,001 --> 00:04:38,000 Alò, sa se yon egzanp nan syans fizik. 51 00:04:38,001 --> 00:04:45,000 Yon lòt egzanp, youn ki pi fasil pou n konprann, 52 00:04:45,001 --> 00:04:51,000 se pou n sèvi ak lèt “s” pou n reprezante distans/ Nan ka sa a, to varyasyon an, 53 00:04:51,001 --> 00:04:58,000 se sa nou rele vitès. 54 00:04:58,001 --> 00:05:03,000 Sa se 2 egzanp ki sèvi anpil, e mwen ta renmen 55 00:05:03,001 --> 00:05:08,000 dekri dezyèm egzanp lan ak plis detay 56 00:05:08,001 --> 00:05:10,000 paske mwen panse li enpòtan pou nou konprann tout bon vre 57 00:05:10,001 --> 00:05:16,000 zafè vitès enstantane a. 58 00:05:16,001 --> 00:05:22,000 E mwen ka sèvi ak bilding kote nou ye la a pou mwen fè sa. 59 00:05:22,001 --> 00:05:28,000 Nou ka deja konnen, petèt tou nou ka pa konnen, chak ane pou fèt Latousen (Alowin), 60 00:05:28,001 --> 00:05:32,000 gen yon bagay ki fèt nan tèt bilding sa a. 61 00:05:32,001 --> 00:05:34,000 Se sa yo rele “lage joumou.” 62 00:05:34,001 --> 00:05:37,000 Yo lage yon joumou 63 00:05:37,001 --> 00:05:44,000 soti nan tèt bilding lan rive atè anba a. Nou pral esplike lide to varyasyon sa a 64 00:05:44,001 --> 00:05:49,000 ak egzanp joumou k ap tonbe a. 65 00:05:49,001 --> 00:05:54,000 Men sa ki rive nan bilding sa a. Ann gade bilding lan. 66 00:05:54,001 --> 00:06:03,000 Men yon pwen. Sa se bèl gazon devan bilding lan. 67 00:06:03,001 --> 00:06:07,000 Epi men yon moun ak yon objè nan men li. Objè a genlè piti. 68 00:06:07,001 --> 00:06:12,000 Men, obè pa vrèman piti lè ou pre li. 69 00:06:12,001 --> 00:06:16,000 Yo jete objè a 70 00:06:16,001 --> 00:06:19,000 soti depi sou arebò a la a. 71 00:06:19,001 --> 00:06:21,000 Epi li tonbe. 72 00:06:21,001 --> 00:06:24,000 Nou konnen tout bagay nan M.I.T, tout bagay oswa prèske tout bagay, 73 00:06:24,001 --> 00:06:28,000 se pwojè nan syans fizik. 74 00:06:28,001 --> 00:06:29,000 Se sa ki menmen zafè lage joumou an. 75 00:06:29,001 --> 00:06:33,000 Alò bilding lan apeprè 300 pye 76 00:06:33,001 --> 00:06:39,000 nan wotè. Epi nou-menm nou bò isit la nan premye etaj ki ka sèvi a. 77 00:06:39,001 --> 00:06:44,000 Olye de 300 pye, nap sèvi ak 80 mèt 78 00:06:44,001 --> 00:06:50,000 pou kalkil yo 79 00:06:50,001 --> 00:06:55,000 ka pi fasil. 80 00:06:55,001 --> 00:07:05,000 Alò nou gen wotè a ki kòmanse a 80 mèt a lè t = 0. 81 00:07:05,001 --> 00:07:10,000 Epi, pou nou kalkile akselerasyon akoz pezantè nou gen 82 00:07:10,001 --> 00:07:13,000 fòmil sa a pou h. h se wotè a. 83 00:07:13,001 --> 00:07:21,000 Alò, lè t=0, nou anwo nèt, h se 80 mèt, 84 00:07:21,001 --> 00:07:24,000 nou mezire sa an mèt. 85 00:07:24,001 --> 00:07:32,000 Lè t=4, nou wè (5 * 4^2) se 80. 86 00:07:32,001 --> 00:07:34,000 Mwen te chwazi chif sa yo espre pou 87 00:07:34,001 --> 00:07:38,000 nou ka rive anba nèt. 88 00:07:38,001 --> 00:07:45,000 Alò, lide varyasyon mwayenn sa a, 89 00:07:45,001 --> 00:07:53,000 ki fè varyasyon mwayenn lan, oubyen vitès mwayenn la, petèt nou ka rele l 90 00:07:53,001 --> 00:08:02,000 vitès mwayenn, se tan sa a joumou an ap pran 91 00:08:02,001 --> 00:08:06,000 pou l tonbe. Se pral 92 00:08:06,001 --> 00:08:10,000 varyasyon nan h / varyasyon nan t 93 00:08:10,001 --> 00:08:18,000 E sa kòmanse kòm… ak ki sa li kòmanse? 94 00:08:18,001 --> 00:08:21,000 Li kòmanse a 80, pa vre? 95 00:08:21,001 --> 00:08:23,000 E li fini a 0. 96 00:08:23,001 --> 00:08:26,000 Men, an reyalite, fòk nou fè sa al lanvè. 97 00:08:26,001 --> 00:08:33,000 Fòk nou konsidere 0-80 paske premye chif la se dènye pozisyon an, 98 00:08:33,001 --> 00:08:37,000 epi dezyèm chif la, se premye pozisyon an. 99 00:08:37,001 --> 00:08:41,000 E sa dwe divize pa 4 – 0; 100 00:08:41,001 --> 00:08:43,000 4 segonn mwens 0 segonn. 101 00:08:43,001 --> 00:08:49,000 Alò, natirèlman sa se -20 mèt pa segonn. 102 00:08:49,001 --> 00:08:56,000 Alò vitès mwayenn nèg sa a se 20 mèt pa segonn. 103 00:08:56,001 --> 00:09:00,000 Pou ki sa mwen chwazi egzanp sa a? 104 00:09:00,001 --> 00:09:04,000 Paske, se nòmal, mwayenn lan, menm si sa enteresan, 105 00:09:04,001 --> 00:09:06,000 sa pa vreman enteresan pou moun 106 00:09:06,001 --> 00:09:08,000 k ap gade joumou sa a. 107 00:09:08,001 --> 00:09:12,000 Sèl sa ki enterese nou vreman, se vitès enstantane 108 00:09:12,001 --> 00:09:22,000 lè joumou a frape atè. Alò, nou ka kalkile vitès sa a 109 00:09:22,001 --> 00:09:23,000 lè li rive anba nèt. 110 00:09:23,001 --> 00:09:25,000 Alò, ki sa vitès enstantane a ye? 111 00:09:25,001 --> 00:09:30,000 Se derive a, oubyen pou mwen kenbe menm notasyon mwen te konmanse sèvi avè l deja a, 112 00:09:30,001 --> 00:09:35,000 se d/dt de h. 113 00:09:35,001 --> 00:09:37,000 Dakò? 114 00:09:37,001 --> 00:09:39,000 Alò se d/dt de h. 115 00:09:39,001 --> 00:09:42,000 Sonje nou gen fòmil pou bagay sa yo. 116 00:09:42,001 --> 00:09:43,000 Nou ka kalkile derive. 117 00:09:43,001 --> 00:09:47,000 fonksyon sa a kounyea. Nou te deja fè sa yè. 118 00:09:47,001 --> 00:09:51,000 Alò nou pral pran to varyasyon an Epi si ou gade sa byen, 119 00:09:51,001 --> 00:09:57,000 to varyasyon 80 se 0, 120 00:09:57,001 --> 00:10:02,000 mwens to varyasyon pou sa a -5t^2, sa se -10t. 121 00:10:02,001 --> 00:10:09,000 Alò, nou ka sèvi ak fòmil sa yo: d/dt de 80 egal 0, 122 00:10:09,001 --> 00:10:12,000 epi d/dt de t^2 egal 2t. 123 00:10:12,001 --> 00:10:14,000 Ka sa a espesyal. 124 00:10:14,001 --> 00:10:17,000 Men, m ap fè koken la a, Gen yon ka espesyal 125 00:10:17,001 --> 00:10:18,000 tout moun ka wè. 126 00:10:18,001 --> 00:10:19,000 Mwen pa t mete li bò isit la. 127 00:10:19,001 --> 00:10:23,000 Ka n=2 se dezyèm ka ki la a. 128 00:10:23,001 --> 00:10:30,000 Men, lè n=0 nou ka kalkile derive a tou. 129 00:10:30,001 --> 00:10:31,000 Paske sa se yon konstant. 130 00:10:31,001 --> 00:10:32,000 Derive yon konstan se 0. 131 00:10:32,001 --> 00:10:36,000 Apre sa, faktè n lan la a se 0, e nou toujou wè sa. 132 00:10:36,001 --> 00:10:39,000 Kounyea, si ou gade fòmil ki sou tèt li w ap wè 133 00:10:39,001 --> 00:10:44,000 se ka kote n=-1. 134 00:10:44,001 --> 00:10:49,000 Alò, nap gen yon pi gwo echantiyon tale, lè nou rive nan kalkil ak puisans. 135 00:10:49,001 --> 00:10:50,000 Oke. 136 00:10:50,001 --> 00:10:54,000 Annou retounen bò isit la kote nou gen to varyasyon nou an. 137 00:10:54,001 --> 00:10:55,000 Men sa li ye. 138 00:10:55,001 --> 00:11:00,000 Anba a, nan pwen kontak la, nou gen 139 00:11:00,001 --> 00:11:07,000 t=4 epi h’, ki se derive a, 140 00:11:07,001 --> 00:11:12,000 egal -40 mèt pa segonn. 141 00:11:12,001 --> 00:11:19,000 Derive a 2 fwa pi vit ke vitès mwayenn ki la a Si ou bezwen 142 00:11:19,001 --> 00:11:22,000 konvèti l, se apeprè 90 mil a lè. 143 00:11:22,001 --> 00:11:29,000 Se pou sa polis yo la a minui lavèy fèt Latousen (“Alowin”) 144 00:11:29,001 --> 00:11:33,000 pou yo asire tout moun. Epi tou, se pou sa 145 00:11:33,001 --> 00:11:37,000 fòk ou pare pou benyen apre sa. 146 00:11:37,001 --> 00:11:40,000 An tou ka, se sa k pase. Joumou a frape 90 mil a lè. 147 00:11:40,001 --> 00:11:42,000 An reyalite, bilding la yon ti jan pi wo, 148 00:11:42,001 --> 00:11:46,000 gen reziztans van epi mwen sèten nou ka fè yon rechèch 149 00:11:46,001 --> 00:11:50,000 ki pi konplè sou egzanp sa a. 150 00:11:50,001 --> 00:11:54,000 Bon. Kounyea mwen vle ban nou de twa lòt egzanp 151 00:11:54,001 --> 00:11:58,000 paske tan ak kalite paramèt ak varyab sa yo 152 00:11:58,001 --> 00:12:02,000 se pa sèl sa ki enpòtan nan kalkil diferansyèl ak entegral. 153 00:12:02,001 --> 00:12:06,000 Si se te sèl kalite syans fizik sa yo ki te ladan l, 154 00:12:06,001 --> 00:12:08,000 sijè sa a t ap pi espesyalize anpil. 155 00:12:08,001 --> 00:12:13,000 Alò mwen vle ban nou kèk egzanp 156 00:12:13,001 --> 00:12:16,000 ki pa gen tan kòm varyab. 157 00:12:16,001 --> 00:12:21,000 Konsa twazyèm egzanp mwen pral bay la se... 158 00:12:21,001 --> 00:12:31,000 Lèt t repranzate tanperati, dt/dx reprezante 159 00:12:31,001 --> 00:12:38,000 sa ki rele gradyan tanperati. 160 00:12:38,001 --> 00:12:43,000 E sa enpòtan anpil lè n ap prevwa meteyo 161 00:12:43,001 --> 00:12:46,000 paske se diferans tanperati sa yo 162 00:12:46,001 --> 00:12:52,000 ki lakoz van ak lòt chanjman nan atmosfè a. 163 00:12:52,001 --> 00:12:59,000 E gen yon lòt tèm enpòtan ki nan tout syans ak jeni 164 00:12:59,001 --> 00:13:02,000 Mwen pral pale nan diskisyon 165 00:13:02,001 --> 00:13:15,000 sou sansibilite mezi. 166 00:13:15,001 --> 00:13:18,000 Ban m esplike sa. 167 00:13:18,001 --> 00:13:22,000 Mwen pa vle rete twò lontan sou sa paske m ap montre nou sa 168 00:13:22,001 --> 00:13:26,000 jis pou mwen ka entwodui kèk lide ki nan devwa nou yo. 169 00:13:26,001 --> 00:13:29,000 Nan premye pwoblèm nan devwa a, 170 00:13:29,001 --> 00:13:35,000 gen yon egzanp ki baze sou yon sistèm pozisyònman global (“GPS”) 171 00:13:35,001 --> 00:13:39,000 ki senplifye nèt. Se yon GPS senp kote latè tou plat. 172 00:13:39,001 --> 00:13:42,000 Epi nan sitiyasyon sa a, si latè tou plat, 173 00:13:42,001 --> 00:13:45,000 se yon liy orizontal konsa. 174 00:13:45,001 --> 00:13:54,000 Apre sa, ou gen yon satelit, ki bò isit la. 175 00:13:54,001 --> 00:14:03,000 Li ta pi bon si satelit la sou tèt late, e si satelit la ka lokalize 176 00:14:03,001 --> 00:14:05,000 egazkteman pwen ki dirèkteman anba 177 00:14:05,001 --> 00:14:06,000 satelit la. 178 00:14:06,001 --> 00:14:12,000 Alò, pwen sa a se yon pwen nou ka lokalize. 179 00:14:12,001 --> 00:14:24,000 E mwen chita la, avèk ti sistèm pozisyonman global (“GPS”) mwen, 180 00:14:24,001 --> 00:14:26,000 e mwen vle konnen ki kote mwen ye. 181 00:14:26,001 --> 00:14:30,000 E jan pou mwen konnen ki kote mwen ye, se pou m kominike 182 00:14:30,001 --> 00:14:36,000 ak satelit sa a gras ak siyal radyo. Se kon sa mwen ka mezire distans sa a 183 00:14:36,001 --> 00:14:38,000 ki rele h. 184 00:14:38,001 --> 00:14:42,000 Epi sistem la ap kalkile distans orizontal la 185 00:14:42,001 --> 00:14:47,000 ki se L. 186 00:14:47,001 --> 00:14:58,000 Alò, sa nou ka mezire se: 187 00:14:58,001 --> 00:15:04,000 h gras a siyal radio ak yon mont oubyen plizyè mont. 188 00:15:04,001 --> 00:15:13,000 Apre sa, L depann de h. 189 00:15:13,001 --> 00:15:17,000 Epi, men sa ki enpòtan nan tout sistèm sa yo: 190 00:15:17,001 --> 00:15:20,000 nou pa fouti konnen ki sa h ye egzakteman. 191 00:15:20,001 --> 00:15:26,000 Gen yon erè nan h nou pral reprezante ak delta h. 192 00:15:26,001 --> 00:15:31,000 Nou pa fouti konnen ki sa h ye egzakteman. 193 00:15:31,001 --> 00:15:35,000 Sa ki bay pi gwo dout nan GPS se nan iyonosfè a sa soti. 194 00:15:35,001 --> 00:15:38,000 Men, gen anpil koreksyon 195 00:15:38,001 --> 00:15:41,000 tout kalite ki fèt. 196 00:15:41,001 --> 00:15:43,000 Epi tou si ou nan bilding lan, 197 00:15:43,001 --> 00:15:44,000 li difisil pou mezire l. 198 00:15:44,001 --> 00:15:48,000 Men se yon sijè ki enpòtan anpil. 199 00:15:48,001 --> 00:15:49,000 Mwen pral eksplike sa talè. 200 00:15:49,001 --> 00:16:01,000 Lide a se pou nou konsidere delta L. 201 00:16:01,001 --> 00:16:06,000 Nou estime l gras a konsiderasyon rapò delta L / delta h ki 202 00:16:06,001 --> 00:16:11,000 apeprè menm ak derive L 203 00:16:11,001 --> 00:16:13,000 pa rapò a h. 204 00:16:13,001 --> 00:16:16,000 Alò sa byen fasil paske 205 00:16:16,001 --> 00:16:18,000 se kalkil diferansyèl ak entegral. 206 00:16:18,001 --> 00:16:22,000 Kalkil diferansyèl ak entegral se pati ki pi fasil la e li pèmèt nou 207 00:16:22,001 --> 00:16:28,000 konprann plizyè pwoblèm pratik ki tou pre nou la a. 208 00:16:28,001 --> 00:16:31,000 Konsa, rezon ki fè sa dwe enterese nou anpil, se paske 209 00:16:31,001 --> 00:16:34,000 sa sèvi tout tan pou fè avyon ateri. 210 00:16:34,001 --> 00:16:38,000 Se pou sa fòk yo konnen kote avyon w lan ye, ak ki wotè li ye, elatriye. 211 00:16:38,001 --> 00:16:42,000 E fòk erè nan kalkil distans sa yo 212 00:16:42,001 --> 00:16:48,000 pa depase kèk mèt. 213 00:16:48,001 --> 00:16:49,000 Dakò. Kounyea, nou fini 214 00:16:49,001 --> 00:16:51,000 ak entwodiksyon jeneral 215 00:16:51,001 --> 00:16:52,000 sou ki sa derive ye. 216 00:16:52,001 --> 00:16:54,000 Mwen sèten w ap fin abitye ak sa 217 00:16:54,001 --> 00:16:56,000 nan anpil lòt diskisyon nan kou sa a. 218 00:16:56,001 --> 00:17:04,000 E kounyea fòk nou retounen nan bon jan detay. 219 00:17:04,001 --> 00:17:09,000 Èske tout moun satisfè ak sa nou rive fè jouk kounyea? 220 00:17:09,001 --> 00:17:10,000 Wi? 221 00:17:10,001 --> 00:17:13,000 Etidyan: Kòman ou te rive kalkile ekwazyon wotè a? 222 00:17:13,001 --> 00:17:14,000 Pwofesè: Aaa... Bèl kesyon. 223 00:17:14,001 --> 00:17:18,000 Kesyon an se koman mwen rive kalkile ekwasyon wotè sa a? 224 00:17:18,001 --> 00:17:25,000 Mwen envante l paske se fòmil nan syans fizik 225 00:17:25,001 --> 00:17:30,000 ou pral aprann lè ou pran klas 8.01. Sa gen rapò ak vitès la. 226 00:17:30,001 --> 00:17:35,000 Si ou kalkile derive vitès, sa ba w akselerasyon. 227 00:17:35,001 --> 00:17:39,000 Epi akselerasyon akoz pezantè, se 10 mèt pa segonn. 228 00:17:39,001 --> 00:17:42,000 E sa se dezyèm derive sa a. 229 00:17:42,001 --> 00:17:44,000 An tou ka, 230 00:17:44,001 --> 00:17:46,000 mwen annik rale li 231 00:17:46,001 --> 00:17:48,000 nan kou syans fizik nou. 232 00:17:48,001 --> 00:17:55,000 Alò ou ka annik di: al gade 8.01. 233 00:17:55,001 --> 00:18:02,000 Oke. Lòt kesyon? 234 00:18:02,001 --> 00:18:04,000 Dakò, ann kontinye. 235 00:18:04,001 --> 00:18:09,000 Kounyea fòk mwen pi sistematik sou kesyon limit yo. 236 00:18:09,001 --> 00:18:20,000 Annou fè sa kounyea. 237 00:18:20,001 --> 00:18:30,000 Mwen vle pale de limit ak kontinuite. 238 00:18:30,001 --> 00:18:34,000 E sa ap prepare nou pou n derive tout lòt fòmil, 239 00:18:34,001 --> 00:18:38,000 tout lòt fòmil nou pral bezwen 240 00:18:38,001 --> 00:18:41,000 pou kalkile derive tout fonksyon nou konnen yo. 241 00:18:41,001 --> 00:18:44,000 Sonje, se objektif nou sa, e se yon semenn ase ki rete, 242 00:18:44,001 --> 00:18:47,000 ki fè pito nou kòmanse. 243 00:18:47,001 --> 00:18:58,000 Alò premyèman gen sa mwen ta rele “limit fasil”. 244 00:18:58,001 --> 00:19:00,000 Ki sa ki yon limit fasil? 245 00:19:00,001 --> 00:19:07,000 Men yon egzanp limit fasil: limit lè x ap pwoche 4 de (x + 3/ x^2 + 1). 246 00:19:07,001 --> 00:19:09,000 limit lè x ap pwoche 4 de (x + 3/ x^2 + 1) 247 00:19:09,001 --> 00:19:11,000 limit lè x ap pwoche 4 de (x + 3/ x^2 + 1) 248 00:19:11,001 --> 00:19:16,000 Ak kalite limit sa a, sèl sa mwen bezwen fè pou m evalye li, 249 00:19:16,001 --> 00:19:22,000 se mete x = 4. Kon sa, sa mwen vin jwenn la a, se 4 + 3/ (4^2 + 1). 250 00:19:23,001 --> 00:19:24,000 se 4 + 3/ (4^2 + 1) 251 00:19:24,001 --> 00:19:27,000 se 4 + 3/ (4^2 + 1) 252 00:19:27,001 --> 00:19:31,000 E sa jis vin tounen 7/17. 253 00:19:31,001 --> 00:19:33,000 Epi sa tou fini la. 254 00:19:33,001 --> 00:19:38,000 Alò, sa se yon egzanp yon limit ki fasil pou kalkile—yon limit fasil. 255 00:19:38,001 --> 00:19:43,000 Men yon dezyèm kategori limit. Bon, sa se pa sèl dezyèm kategori limit ki egziste. 256 00:19:43,001 --> 00:19:45,000 Men, m jis vle pou nou note sa. 257 00:19:45,001 --> 00:19:55,000 Sa enpòtan anpil. 258 00:19:55,001 --> 00:19:59,000 Derive toujou pi difisil pase sa. 259 00:19:59,001 --> 00:20:03,000 Ou pa ka chape anba difikilte sa a. 260 00:20:03,001 --> 00:20:05,000 Alò, pou ki sa? 261 00:20:05,001 --> 00:20:08,000 Bon, lè ou pran yon derive, ou pran 262 00:20:08,001 --> 00:20:20,000 lè x ap pwoche x0 de f(x). Alò, n a ekri li 263 00:20:20,001 --> 00:20:24,000 nan tout bèlte li. 264 00:20:24,001 --> 00:20:28,000 Men fòmil pou derive a. 265 00:20:28,001 --> 00:20:39,000 Kounyea remake si nou mete x = x0, sa toujou bay 0/0. 266 00:20:39,001 --> 00:20:42,000 Ki fè tou senpleman sa pa janm mache. 267 00:20:42,001 --> 00:20:51,000 Ki fè nou pral toujou bezwen yon anilasyon 268 00:20:51,001 --> 00:21:05,000 pou limit la sa gen sans. 269 00:21:05,001 --> 00:21:12,000 Kounyea, pou m ka rann bagay yo yon jan pi fasil pou mwen, 270 00:21:12,001 --> 00:21:16,000 pou m ka esplike ki sa k ap pase ak limit yo, fòk mwen esplike 271 00:21:16,001 --> 00:21:18,000 yon lòt ti notasyon. 272 00:21:18,001 --> 00:21:21,000 Sa mwen pral esplike la a se sa yo rele 273 00:21:21,001 --> 00:21:23,000 limit a goch ak limit a dwat. 274 00:21:23,001 --> 00:21:27,000 Si mwen pran limit lè x ap pwoche x0 275 00:21:27,001 --> 00:21:32,000 avèk la a yon siy plis la a pou yon fonksyon kèlkonk, se sa yo rele 276 00:21:32,001 --> 00:21:42,000 limit a dwat. 277 00:21:42,001 --> 00:21:44,000 E mwen ka montre sa ak yon ti shema. 278 00:21:44,001 --> 00:21:45,000 Alò, sa sa vle di? 279 00:21:45,001 --> 00:21:49,000 Sa vle di pratikman menm bagay ak x ap pwoche x0 280 00:21:49,001 --> 00:21:51,000 Men, gen yon lòt restriksyon sou x, ki gen rapò 281 00:21:51,001 --> 00:21:55,000 ak siy plis sa a, ki vle di x ap soti sou kote pozitif x0. 282 00:21:55,001 --> 00:21:58,000 Sa vle di x pi gwo pase x0. 283 00:21:58,001 --> 00:22:01,000 E lè mwen di a dwat, sa vle di fòk gen yon tirè la a. 284 00:22:01,001 --> 00:22:07,000 Limit la a dwat paske sou liy chif yo, si x0 se la li ye, 285 00:22:07,001 --> 00:22:14,000 x ap sou bò dwat x0. 286 00:22:14,001 --> 00:22:15,000 Dakò? 287 00:22:15,001 --> 00:22:16,000 Alò, se sa ki limit a dwat la. 288 00:22:16,001 --> 00:22:20,000 E se sa ki se bò goch tablo a. Epi sou bò dwat tablo a, 289 00:22:20,001 --> 00:22:23,000 se la m ap mete limit a goch la, jis pou m lage nou 290 00:22:23,001 --> 00:22:24,000 nan konfizyon. 291 00:22:24,001 --> 00:22:30,000 Alò sa a pral gen siy mwens lan la a. Mwen yon ti jan disleksik 292 00:22:30,001 --> 00:22:33,000 e mwen swete nou-menm nou pa disleksik. 293 00:22:33,001 --> 00:22:38,000 Ki fè se posib mwen fè fot nan sa. 294 00:22:38,001 --> 00:22:41,000 Alò, se sa ki limit a goch la, e m ap fè shema sa a. 295 00:22:41,001 --> 00:22:45,000 Ki fè sa jis vle di x ap pwoche x0, 296 00:22:45,001 --> 00:22:48,000 men x ap sou bò goch x0. 297 00:22:48,001 --> 00:22:54,000 Epi ankò, sou liy chif yo, men x0 epi x li-menm 298 00:22:54,001 --> 00:22:56,000 l ap sou lòt bò x0. 299 00:22:56,001 --> 00:22:59,000 Bon, de notasyon sa yo pral ede nou 300 00:22:59,001 --> 00:23:01,000 klarifye plizyè bagay. 301 00:23:01,001 --> 00:23:06,000 Li pi fasil vre pou nou gen tout deskripsyon sa yo 302 00:23:06,001 --> 00:23:10,000 sou afè limit yo, olye pou nou jis konsidere an menm tan 303 00:23:10,001 --> 00:23:15,000 limit sou tou 2 bò yo. 304 00:23:15,001 --> 00:23:25,000 Dakò, konsa m vle bay yon egzanp sou sa. 305 00:23:25,001 --> 00:23:30,000 Epi tou, yon egzanp sou ki jan pou nou kalkile 306 00:23:30,001 --> 00:23:32,000 kalite pwoblèm sa yo. 307 00:23:32,001 --> 00:23:38,000 Ki fè m ap pran yon fonksyon ki gen 2 definisyon diferan. 308 00:23:38,001 --> 00:23:39,000 Ann di x + 1, 309 00:23:39,001 --> 00:23:43,000 x + 1, lè x > 0, 310 00:23:43,001 --> 00:23:47,000 epi -x + 2, lè x < 0. 311 00:23:47,001 --> 00:23:51,000 Alò, petèt fòk nou mete yon vigil la. 312 00:23:51,001 --> 00:23:55,000 Ki fè lè x>0, 313 00:23:57,001 --> 00:23:58,000 se x + 1. 314 00:23:58,001 --> 00:24:01,000 Kounyea mwen ka desinen yon graf pou sa. 315 00:24:01,001 --> 00:24:04,000 Li pral yon jan piti paske m bezwen 316 00:24:04,001 --> 00:24:07,000 foure li anba la a. Men, petèt m a mete aks la anba a. 317 00:24:07,001 --> 00:24:14,000 Ki fè nan wotè 1, mwen gen sou bò dwat la yon liy ki gen pant 1, 318 00:24:14,001 --> 00:24:16,000 ki fè li monte konsa. 319 00:24:16,001 --> 00:24:18,000 Dakò? 320 00:24:18,001 --> 00:24:24,000 Apre sa, sou bò goch la, mwen genyen yon liy ki gen pant -1. 321 00:24:24,001 --> 00:24:30,000 Men, li vin kontre ak aks la nan 2 ki fè li anlè la a. 322 00:24:30,001 --> 00:24:33,000 Ki fè mwen gen yon fòm antèn ki dwòl, 323 00:24:33,001 --> 00:24:35,000 Men graf la. 324 00:24:35,001 --> 00:24:43,000 Petèt m ta dwe ekri sa nan yon lòt koulè pou sa parèt pi klè. 325 00:24:43,001 --> 00:24:50,000 Apre sa, si mwen kalkile 2 limit sa yo la a, men sa mwen vin wè: 326 00:24:50,001 --> 00:25:00,000 limit lè x ap pwoche 0 sou bò dwat de f(x), 327 00:25:00,001 --> 00:25:06,000 se menm jan ak limit lè x ap pwoche x0 de fòmil ki la a, 328 00:25:06,001 --> 00:25:07,000 x + 1. 329 00:25:07,001 --> 00:25:10,000 Sa vin tounen 1. 330 00:25:10,001 --> 00:25:15,000 E si mwen pran limit sa a, ki fè se limit a goch la. 331 00:25:15,001 --> 00:25:20,000 Eskize m, m te di nou mwen disleksik. 332 00:25:20,001 --> 00:25:23,000 Sa a se dwat la. Alò se men dwat la. 333 00:25:23,001 --> 00:25:25,000 Ann re-derape. 334 00:25:25,001 --> 00:25:32,000 Kounyea m pral soti a goch, e se f(x) ankò. Men, kounyea 335 00:25:32,001 --> 00:25:35,000 poutèt se sou bò sa a mwen ye, mwen pral sèvi 336 00:25:35,001 --> 00:25:37,000 ak lòt fòmil lan, 337 00:25:37,001 --> 00:25:43,000 - x + 2, e sa a li menm ap ban nou 2. 338 00:25:43,001 --> 00:25:48,000 Kounyea, annou gade limit a goch ak limit a dwat la, e sa 339 00:25:48,001 --> 00:25:51,000 se yon ti nyans, e se prèske sèl bagay mwen bezwen 340 00:25:51,001 --> 00:25:54,000 pou nou rive suiv ak anpil atansyon kounyea. 341 00:25:54,001 --> 00:26:06,000 Nou pa t bezwen valè x=0. 342 00:26:06,001 --> 00:26:11,000 Avrèdi m pa t menm janm di nou sa f(0) te ye la a. 343 00:26:11,001 --> 00:26:14,000 Si nou foure l ladan l... OK, nou ka foure l ladan l. 344 00:26:14,001 --> 00:26:20,000 Dakò, annou foure l nan bò sa a. 345 00:26:20,001 --> 00:26:22,000 Annou fè pou l vin sou bò sa a. 346 00:26:22,001 --> 00:26:32,000 Sa vle di pwen sa a anndan, pwen sa a li-menm, li deyò. 347 00:26:32,001 --> 00:26:37,000 Sa se yon notasyon ki popilè: ti sèk ki ouvri sa a 348 00:26:37,001 --> 00:26:41,000 epi ti pwen ki fèmen sa a pou lè ou vle mete valè sa a anndan... 349 00:26:41,001 --> 00:26:46,000 Ki fè nan ka sa a, valè f(x) vin menm 350 00:26:46,001 --> 00:26:56,000 ak limit a dwat la. La a, valè a se 1. Se pa 2. 351 00:26:56,001 --> 00:27:01,000 Dakò, sa a se te premye kalite egzanp lan. 352 00:27:01,001 --> 00:27:06,000 Kesyon? 353 00:27:06,001 --> 00:27:13,000 Dakò. Kounyea, pwochen travay nou pral fè, 354 00:27:13,001 --> 00:27:17,000 se defini kontinuite 355 00:27:17,001 --> 00:27:20,000 Sa se te lòt sijè a. 356 00:27:20,001 --> 00:27:23,000 Se kon sa nou pral defini kontinuite: 357 00:27:23,001 --> 00:27:39,000 f kontini sou x0, sa vle di limit f(x) lè x ap pwoche x0 358 00:27:39,001 --> 00:27:44,000 se f(x0). 359 00:27:44,001 --> 00:27:47,000 Pa vre? 360 00:27:47,001 --> 00:27:52,000 Alò rezon ki fè m pase tout tan sa a ap okipe 361 00:27:52,001 --> 00:27:55,000 bò goch la ak bò dwat la, elatriye, se paske m vle 362 00:27:55,001 --> 00:27:57,000 pou nou fè atansyon pou yon moman 363 00:27:57,001 --> 00:28:01,000 ak sa definisyon sa a gen ladan l. 364 00:28:01,001 --> 00:28:12,000 Sa li vle di a se sa: kontinuite nan x0 365 00:28:12,001 --> 00:28:17,000 gen divès engredyan. 366 00:28:17,001 --> 00:28:24,000 Men premye engredyan an: fòk limit sa a egziste. 367 00:28:24,001 --> 00:28:28,000 E sa, sa vle di fòk limit la gen valè 368 00:28:28,001 --> 00:28:35,000 ni sou bò goch, ni sou bò dwat. 369 00:28:35,001 --> 00:28:39,000 Epi tou fòk 2 valè sa yo menm. 370 00:28:39,001 --> 00:28:41,000 Dakò, ki fè se sa k ap pase la a. 371 00:28:41,001 --> 00:28:50,000 Epi, men dezyèm pwopriyete a: fòk f(x0) defini. 372 00:28:50,001 --> 00:28:53,000 Ki fè mwen pa ka nan yon sitiyasyon kote mwen pa 373 00:28:53,001 --> 00:29:05,000 menm montre ki sa f(x0) ye. Epi, fòk yo egal. 374 00:29:05,001 --> 00:29:09,000 Dakò, se sitiyasyon an sa. 375 00:29:09,001 --> 00:29:13,000 Kounyea, ban mwen reprann yon pati ki gendwa lakòz ti konfizyon nan 376 00:29:13,001 --> 00:29:15,000 definisyon limit. 377 00:29:15,001 --> 00:29:20,000 Bò sa a, bò a goch la, endepandan nèt, 378 00:29:20,001 --> 00:29:24,000 li sèvi ak yon definisyon ki pa rantre 379 00:29:24,001 --> 00:29:25,000 nan definisyon bò dwat la. 380 00:29:25,001 --> 00:29:26,000 Sa se 2 bagay ki separe. 381 00:29:26,001 --> 00:29:32,000 Sa a li menm se, pou evalye li, fòk ou toujou evite 382 00:29:32,001 --> 00:29:34,000 pwen limit la. 383 00:29:34,001 --> 00:29:37,000 Alò, sa se yon paradòks. Sa se egzakteman 384 00:29:37,001 --> 00:29:41,000 kesyon an sa: èske se vre si ou mete x0 pou x, w ap jwenn 385 00:29:41,001 --> 00:29:44,000 menm repons kòmsi ou te kalkile limit lè x ap pwoche x0? 386 00:29:44,001 --> 00:29:46,000 Se kesyon sa a n ap konsidere la a. 387 00:29:46,001 --> 00:29:49,000 Fòk nou fè distenksyon an pou nou ka di 388 00:29:49,001 --> 00:29:55,000 sa yo se 2 bagay separe. Si se pa sa, sa ap jis yon totoloji. 389 00:29:55,001 --> 00:29:56,000 Li pa gen okenn sans. 390 00:29:56,001 --> 00:29:58,000 Men, avrèdi li gen sans paske youn nan bagay yo 391 00:29:58,001 --> 00:30:01,000 nou ka evalye li pa rapò ak tout lòt pwen yo 392 00:30:01,001 --> 00:30:05,000 esepte x0. Epi lòt la, nou ka evalye li dirèk-dirèk 393 00:30:05,001 --> 00:30:06,000 sou pwen x0 an menm. 394 00:30:06,001 --> 00:30:12,000 E vrèman, sa bagay sa yo ye, se egzakteman 395 00:30:12,001 --> 00:30:18,000 egzanp limit ki fasil pou kalkile. Se egzakteman 396 00:30:18,001 --> 00:30:19,000 sa n ap pale la a. 397 00:30:19,001 --> 00:30:24,000 Se yo nou ka evalye nan fason sa a. 398 00:30:24,001 --> 00:30:25,000 Alò, fòk nou fè distenksyon an. 399 00:30:25,001 --> 00:30:27,000 E lòt sa yo se yo 400 00:30:27,001 --> 00:30:29,000 nou pa p ka evalye nan fason sa a. 401 00:30:29,001 --> 00:30:32,000 Ki fè se limit sa yo ki byennelve. Se poutèt sa nou okipe yo. 402 00:30:32,001 --> 00:30:36,000 Se rezon sa a ki fè nou gen tout definisyon sa yo pou yo. 403 00:30:36,001 --> 00:30:38,000 Dakò? 404 00:30:38,001 --> 00:30:40,000 Kounyea, ki sa nou pral fè? 405 00:30:40,001 --> 00:30:48,000 Bon, fòk nou fè nou fè yon ti vizit, yon ti vizit byen kout, 406 00:30:48,001 --> 00:30:54,000 nan pak an dezòd kote sa nou rele fonksyon diskonti yo rete. 407 00:30:54,001 --> 00:30:57,000 Alò sa se preske tout lòt fonksyon ki pa kontini yo. 408 00:30:57,001 --> 00:31:04,000 Ki fè, premye egzanp lan la a, ban mwen jis ekri l anba la a. 409 00:31:04,001 --> 00:31:13,000 Sa se egzanp diskontinuite ki sote. 410 00:31:13,001 --> 00:31:15,000 Ki sa yon diskontinuite ki sote ta ka ye? 411 00:31:15,001 --> 00:31:18,000 A vrè di, nou deja wè sa. 412 00:31:18,001 --> 00:31:21,000 Diskontinuite ki sote, nou te wè sa nan egzanp 413 00:31:21,001 --> 00:31:23,000 nou te genyen la a. 414 00:31:23,001 --> 00:31:35,000 Se lè limit a goch ak limit a dwat, tou lè 2 egziste. 415 00:31:35,001 --> 00:31:42,000 Men, yo pa egal. 416 00:31:42,001 --> 00:31:51,000 Dakò, ki fè sa te nan egzanp lan. 417 00:31:51,001 --> 00:31:52,000 Pa vre? 418 00:31:52,001 --> 00:31:53,000 Nan egzanp sa a, 2 limit yo, 419 00:31:53,001 --> 00:31:57,000 youn ladan yo te 1, epi lòt la te 2. 420 00:31:57,001 --> 00:32:02,000 Alò, se sa ki diskontinuite ki sote. 421 00:32:02,001 --> 00:32:09,000 E kalite pwoblèm sa a, kesyon si yon fonksyon kontini ou pa, 422 00:32:09,001 --> 00:32:21,000 sa gen dwa parèt yon ti jan teknik. Men, se yon pwoblèm ki te bay anpil moun anpil pwoblèm. 423 00:32:21,001 --> 00:32:26,000 yon pwoblèm ki te bay anpil moun anpil pwoblèm. 424 00:32:26,001 --> 00:32:30,000 Bob Merton, ki te yon pwofesè nan MIT lè li te fè travay 425 00:32:30,001 --> 00:32:35,000 ki te ba li pri Nobèl nan ekonomi, te enterese nan 426 00:32:35,001 --> 00:32:39,000 kesyon sa a menm: Èske pri diferan kalite estòk kontini 427 00:32:39,001 --> 00:32:42,000 sou bò goch ouswa sou bò dwat nan divès fonksyon. 428 00:32:42,001 --> 00:32:46,000 E sa se te yon bagay ki te enpòtan nan devlopman modèl 429 00:32:46,001 --> 00:32:50,000 ki deside pri nou peye pou envestisman nou fè 430 00:32:50,001 --> 00:32:51,000 tout tan kounyea. 431 00:32:51,001 --> 00:32:57,000 Ki fè bò goch ak bò dwat ka vle di 2 bagay trè diferan. Nan ka sa a, bò goch la reprezante 432 00:32:57,001 --> 00:33:01,000 sa ki te deja fèt nan lepase, epi bò dwat la reprezante sa ki pral fèt nan lavni. 433 00:33:01,001 --> 00:33:04,000 Se konsa vin gen yon gwo diferans si fonksyon an kontini 434 00:33:04,001 --> 00:33:06,000 a goch oswa a dwat. 435 00:33:06,001 --> 00:33:09,000 Èske pwen an la a menm, yon kote nan mitan, 436 00:33:09,001 --> 00:33:11,000 yon lòt kote ? 437 00:33:11,001 --> 00:33:13,000 Sa a se yon kesyon enpòtan. 438 00:33:13,001 --> 00:33:18,000 Alò pwochen egzanp mwen vle ban nou an 439 00:33:18,001 --> 00:33:22,000 yon ti jan pi difisil. 440 00:33:22,001 --> 00:33:32,000 Se sa yo rele « diskontuinite ki pwolonjab ». 441 00:33:32,001 --> 00:33:39,000 E sa sa vle di, sa vle di limit a goch 442 00:33:39,001 --> 00:33:46,000 ak limit a dwat, tou lè 2 egal. 443 00:33:46,001 --> 00:33:48,000 Ki fè si ou fè yon graf, ou gen yon fonksyon 444 00:33:48,001 --> 00:33:52,000 k ap vini konsa, epi li gen yon twou. Ki kote? Sa k konnen. 445 00:33:52,001 --> 00:33:55,000 Swa petèt fonksyon an pa defini ouswa petèt li defini 446 00:33:55,001 --> 00:33:58,000 anwo la a, epi apre li jis kontinye ale. 447 00:33:58,001 --> 00:33:59,000 Dakò? 448 00:33:59,001 --> 00:34:01,000 Ki fè 2 limit yo se menm bagay. 449 00:34:01,001 --> 00:34:05,000 Epi apre, sa tou natirèl, fonksyon an se sipliye l ap sipliye pou nou redefini l 450 00:34:05,001 --> 00:34:07,000 pou nou ka retire twou sa a. 451 00:34:07,001 --> 00:34:14,000 E se pou sa nou rele sa yon « diskontuinite ki pwolonjab ». 452 00:34:14,001 --> 00:34:18,000 Kounyea, ban m ban nou yon egzanp sou sa, ou pito 453 00:34:18,001 --> 00:34:22,000 de twa egzanp. 454 00:34:22,001 --> 00:34:28,000 Sa yo se egzanp ki enpòtan. Nou pral 455 00:34:28,001 --> 00:34:34,000 travay avèk yo toutalè. 456 00:34:34,001 --> 00:34:41,000 Premye egzanp lan se fonksyon g(x), ki se sinx / x. 457 00:34:41,001 --> 00:34:50,000 Dezyèm egzanp lan se fonksyon h(x), ki se 1-cosx / x. 458 00:34:50,001 --> 00:35:00,000 Alò, nou gen yon pwoblèm nan g(0): g(0) pa defini. 459 00:35:00,001 --> 00:35:03,000 An tou ka, fonksyon sa a gen sa yo rele yon sengilarite ki pwolonjab. 460 00:35:03,001 --> 00:35:14,000 Ki fè limit lè x ap pwoche 0 de sinx / x, limit sa a egziste. 461 00:35:14,001 --> 00:35:17,000 Avrèdi, li egal a 1. 462 00:35:17,001 --> 00:35:19,000 Alò, sa se yon limit ki vreman enpòtan. Nou pral travay sou li 463 00:35:19,001 --> 00:35:22,000 oswa nan fen leson sa a, oswa nan kòmansman 464 00:35:22,001 --> 00:35:23,000 pwochen leson an. 465 00:35:23,001 --> 00:35:35,000 Epi tou, limit lè x a pwoche 0 de 1-cosx / x, limit sa a se 0. 466 00:35:35,001 --> 00:35:38,000 Petèt m a mete sa yon ti jan pi lwen 467 00:35:38,001 --> 00:35:40,000 pou nou ka li l. 468 00:35:40,001 --> 00:35:45,000 Dakò. Alò, sa yo se done nou pral bezwen 469 00:35:45,001 --> 00:35:47,000 pi devan. 470 00:35:47,001 --> 00:35:51,000 E sa yo di sèke fonksyon sa yo gen sengilarite 471 00:35:51,001 --> 00:36:04,000 ki pwolonjab—eskize, diskontinuite ki prolonjab—nan x=0. 472 00:36:04,001 --> 00:36:13,000 Dakò. Alò, jan m di a, n ap tounen sou sa toutalè. 473 00:36:13,001 --> 00:36:16,000 Dakò. Ki fè èske gen okenn kesyon anvan mwen kontinye? 474 00:36:16,001 --> 00:36:30,000 Wi? Etidyan: (Son pa klè) 475 00:36:30,001 --> 00:36:38,000 Pwofesè: Kesyon an se: Pou ki sa sa vre? 476 00:36:38,001 --> 00:36:40,000 Se sa kesyon ou an? 477 00:36:40,001 --> 00:36:44,000 Repons lan vreman vreman ta dwe parèt li pa klè. Mwen poko montre nou sa. 478 00:36:44,001 --> 00:36:49,000 E si nou pa t sezi wè sa, sa twa 479 00:36:49,001 --> 00:36:51,000 dwòl nèt. 480 00:36:51,001 --> 00:36:53,000 Alò, nou poko esplike sa. 481 00:36:53,001 --> 00:36:55,000 Fòk nou rete branche jisaske nou esplike sa. 482 00:36:55,001 --> 00:36:57,000 Dakò? 483 00:36:57,001 --> 00:36:59,000 Nou poko montre sa. 484 00:36:59,001 --> 00:37:02,000 E an reyalite menm lòt pawòl sa a, ki pral 485 00:37:02,001 --> 00:37:05,000 kontinye parèt pi dwòl toujou, nou poko esplike sa non plis. 486 00:37:05,001 --> 00:37:09,000 Dakò. Ki fè nou pral rive sou sa, jan mwen di a, 487 00:37:09,001 --> 00:37:15,000 nan fen leson sa a oswa nan kòmansman pwochen leson an. 488 00:37:15,001 --> 00:37:22,000 Gen lòt kesyon? 489 00:37:22,001 --> 00:37:29,000 Dakò. Annou kontinye vizit 490 00:37:29,001 --> 00:37:34,000 pak diskontinuite yo. 491 00:37:34,001 --> 00:37:38,000 E mwen kwè mwen vle sèvi 492 00:37:38,001 --> 00:37:42,000 ak ni limit a dwat ni limit a goch. 493 00:37:42,001 --> 00:37:52,000 Ki fè m ap kenbe sa ki sou tablo sa a sou limit a dwat ak limit a goch. 494 00:37:52,001 --> 00:37:55,000 Alò, yon twazyèm kategori diskontinuite, se sa yo rele 495 00:37:55,001 --> 00:38:07,000 « diskontinuite enfini ». 496 00:38:07,001 --> 00:38:11,000 E nou deja kwaze ak youn nan sa yo. 497 00:38:11,001 --> 00:38:14,000 M pral desine yo bò isit la. 498 00:38:14,001 --> 00:38:19,000 Sonje fonksyon y se 1/x. 499 00:38:19,001 --> 00:38:22,000 Se fonksyon sa a ki la a. 500 00:38:22,001 --> 00:38:26,000 Men, kounyea mwen ta renmen desinen lòt branch lòt branch ipèbòl la anba la a. 501 00:38:26,001 --> 00:38:31,000 Epi mwen pral konsidere valè negatif 502 00:38:31,001 --> 00:38:32,000 pou x. 503 00:38:32,001 --> 00:38:35,000 Alò, men graf pou 1/x. 504 00:38:35,001 --> 00:38:42,000 E fasilite nou genyen pou nou distenge ant limit a goch ak limit a dwat, 505 00:38:42,001 --> 00:38:46,000 sa enpòtan vre paske la a 506 00:38:46,001 --> 00:38:49,000 mwen ka ekri limit lè x ap pwoche 0 de 1/x. 507 00:38:49,001 --> 00:38:51,000 limit lè x ap pwoche 0 de 1/x. 508 00:38:51,001 --> 00:38:57,000 Ki fè sa a li menm, l ap sòti de bò dwat la epi l ap monte. 509 00:38:57,001 --> 00:39:00,000 Alò limit sa a se enfini. 510 00:39:00,001 --> 00:39:07,000 Alòske, limit nan lòt direksyon an, limit a goch la, 511 00:39:07,001 --> 00:39:10,000 sa a li menm, l ap desann. 512 00:39:10,001 --> 00:39:16,000 E sa a, li diferan nèt. Sa se mwens enfini. 513 00:39:16,001 --> 00:39:19,000 Kounyea gen de moun ki di limit sa yo pa defini. 514 00:39:19,001 --> 00:39:22,000 Men, tout bon vre, yo prale nan yon direksyon ki byen defini. 515 00:39:22,001 --> 00:39:26,000 Depi sa posib, fòk nou pote bon jan presizyon 516 00:39:25,966 --> 00:39:25,966 sou sa limit sa yo ye. 517 00:39:26,001 --> 00:39:30,000 An tou ka, pawòl ki di limit lè x ap pwoche 0 de 1/x 518 00:39:30,001 --> 00:39:37,000 se enfini, pawòl sa a pa kòrèk menm. 519 00:39:37,001 --> 00:39:40,000 Oke, sa pa vle di moun pa ekri sa. 520 00:39:40,001 --> 00:39:41,000 Sa pa kòrèk menm 521 00:39:41,001 --> 00:39:43,000 Sa pa vle di yo pa ekri l. 522 00:39:43,001 --> 00:39:45,000 Siman ou dwe deja wè bagay kon sa. 523 00:39:45,001 --> 00:39:47,000 Se paske moun sa yo annik konsidere 524 00:39:47,001 --> 00:39:48,000 branch a dwat la sèlman. 525 00:39:48,001 --> 00:39:51,000 Yo pa fè yon fot yo nesesèman 526 00:39:51,001 --> 00:39:53,000 Men, an tou ka, gen neglijans. 527 00:39:53,001 --> 00:39:56,000 E gen kèk neglijans nou ka sipòte. Epi gen kèk lòt, 528 00:39:56,001 --> 00:39:57,000 fòk nou eseye evite. 529 00:39:57,001 --> 00:40:00,000 Konsa la a, ou vle di sa, epi sa fè yon diferans. 530 00:40:00,001 --> 00:40:04,000 Pa egzanp, plis enfini se ka yon kantite enfini lajan ou gen nan pòch ou, 531 00:40:04,001 --> 00:40:07,000 Men, mwens enfini se ka yon kantite enfini lajan ou dwe. 532 00:40:07,001 --> 00:40:08,000 Sa se yon gwo diferans. 533 00:40:08,001 --> 00:40:09,000 Yo pa menm menm. 534 00:40:09,001 --> 00:40:13,000 Konsa, sa a se neglijans, 535 00:40:13,001 --> 00:40:15,000 e sa a vreman pi kòrèk. 536 00:40:15,001 --> 00:40:18,000 Oke. Kounyea, an plis de sa, m vle montre 537 00:40:18,001 --> 00:40:21,000 yon lòt bagay. 538 00:40:21,001 --> 00:40:24,000 Sonje nou te kalkile derive a. 539 00:40:24,001 --> 00:40:25,000 Se te -1/x^2. 540 00:40:26,001 --> 00:40:31,000 Men, mwen vle trase graf sa a epi m ap fè 541 00:40:31,001 --> 00:40:32,000 kòmantè sou li. 542 00:40:32,001 --> 00:40:36,000 Kidonk, mwen pral trase graf la dirèkteman anba 543 00:40:36,001 --> 00:40:38,000 graf fonksyon an. 544 00:40:38,001 --> 00:40:41,000 Epi remake byen ki sa graf sa a ye. 545 00:40:41,001 --> 00:40:48,000 Li fèt konsa, li toujou negatif, e li pwente sou anba. 546 00:40:48,001 --> 00:40:52,000 Konsa, kounyea, sa ka parèt yon jan dwòl 547 00:40:52,001 --> 00:40:57,000 pou derive fonksyon sa a se nèg sa a. Men se akòz 548 00:40:57,001 --> 00:40:58,000 yon bagay ki enpòtan anpil. 549 00:40:58,001 --> 00:41:01,000 E nou dwe toujou sonje sa lè n ap pale de derive. 550 00:41:01,001 --> 00:41:03,000 Derive yon fonksyon a pa oblije sanble ak 551 00:41:03,001 --> 00:41:04,000 fonksyon an ditou. 552 00:41:04,001 --> 00:41:07,000 Konsa, ou dwe retire lide sa a nan tèt ou. 553 00:41:07,001 --> 00:41:10,000 Gen kèk moun ki panse si yon fonksyon desann, derive a 554 00:41:10,001 --> 00:41:11,000 dwe desann tou. 555 00:41:11,001 --> 00:41:13,000 Annik bliye entuisyon sa a. 556 00:41:13,001 --> 00:41:14,000 Li pa kòrèk. 557 00:41:14,001 --> 00:41:20,000 Sa n ap travay sou li la a, si ou sonje, se pant lan. 558 00:41:20,001 --> 00:41:24,000 Konsa si ou gen yon pant la a, ki koresponn senpleman a yon kote la a, 559 00:41:24,001 --> 00:41:29,000 e pandan pant lan ap vin yon ti jan mwen rèd, 560 00:41:29,001 --> 00:41:31,000 se pou sa n ap pwoche 561 00:41:31,001 --> 00:41:33,000 aks orizontal la. 562 00:41:33,001 --> 00:41:36,000 Kantite a ap vin pi piti plis n ap pwoche. 563 00:41:36,001 --> 00:41:41,000 Kounyea, bò isit la, pant lan negatif tou. 564 00:41:41,001 --> 00:41:43,000 L ap desann, e pandan n ap desann la a, l ap vin 565 00:41:43,001 --> 00:41:44,000 pi negatif toujou. 566 00:41:44,001 --> 00:41:48,000 Pandan n a prale la a nan pant lan fonksyon sa a ap monte. 567 00:41:48,001 --> 00:41:50,000 Men, pant li ap desann. 568 00:41:50,001 --> 00:41:55,000 Dakò, konsa pant lan desann sou de bò yo. Epi notasyon 569 00:41:55,001 --> 00:42:03,000 nou sèvi pou sa byen koresponn 570 00:42:03,001 --> 00:42:09,000 ak afè bò goch ak bò dwat. 571 00:42:09,001 --> 00:42:16,000 Sètadi, limit lè x ap pwoche 0 de -1/ x^2, sa pral egal 572 00:42:16,001 --> 00:42:18,000 mwens enfini. 573 00:42:18,001 --> 00:42:21,000 E sa se vre ni pou x lè l ap pwoche 0+ 574 00:42:21,001 --> 00:42:24,000 ni pou x lè l ap pwoche 0-. 575 00:42:24,001 --> 00:42:31,000 Konsa tou lè 2 limit yo gen pwopriyete sa a. 576 00:42:31,001 --> 00:42:34,000 Finalman, m ap fè yon dènye kòmantè 577 00:42:34,001 --> 00:42:37,000 sou 2 graf sa yo. 578 00:42:37,001 --> 00:42:43,000 Fonksyon sa a se yon fonksyon enpè. Lè ou kalkile derive 579 00:42:43,001 --> 00:42:45,000 yon fonksyon enpè, sa toujou ba wou 580 00:42:45,001 --> 00:42:50,000 yon fonksyon pè. 581 00:42:50,001 --> 00:42:54,000 Sa byen koresponn ak afè 1/x se yon puisans enpè 582 00:42:54,001 --> 00:43:01,000 epi x^1 se yon puisans enpè epi x^2 se yon puisans pè. 583 00:43:01,001 --> 00:43:05,000 Ak tou sa, entuisyon nou ta dwe ranfòse lide nou genyen 584 00:43:05,001 --> 00:43:11,000 ki di graf sa yo kòrèk. 585 00:43:11,001 --> 00:43:16,000 Kounyea, gen yon dènye kategori diskontinuite 586 00:43:16,001 --> 00:43:27,000 m vle mansyone rapidman e m ap rele yo 587 00:43:27,001 --> 00:43:33,000 « lòt diskontinuite ki lèd ». 588 00:43:33,001 --> 00:43:39,000 E yo anpil anpil. 589 00:43:39,001 --> 00:43:44,000 Men yon egzanp : y = sin 1/x 590 00:43:44,001 --> 00:43:50,000 y = sin 1/x lè x ap pwoche 0. 591 00:43:50,001 --> 00:43:59,000 E sa sanble yon bagay prèske konsa. 592 00:43:59,001 --> 00:44:00,000 Ale vini, ale vini. 593 00:44:00,001 --> 00:44:06,000 Li varye a lenfini lè x ap pwoche 0. 594 00:44:06,001 --> 00:44:19,000 Pa gen ni limit a goch ni limit a dwat nan ka sa a. 595 00:44:19,001 --> 00:44:25,000 Se konsa gen youn voum ak yon pakèt fonksyon ki nan ka sa a. 596 00:44:25,001 --> 00:44:29,000 Erezman, nou pa pral okipe yo nan kou sa a. 597 00:44:29,001 --> 00:44:32,000 Nan lavi nou, anpil fwa, gen fonksyon k ap pede monte-desann 598 00:44:32,001 --> 00:44:35,000 lè tan ap pwoche enfini. Men, nou pa p fatige tèt nou 599 00:44:35,001 --> 00:44:40,000 ak sa kounyea. 600 00:44:40,001 --> 00:44:49,000 Oke, sa se dènye pale n ap fè sou diskontinuite. 601 00:44:49,001 --> 00:44:56,000 Kounyea mwen bezwen tabli baz pou fòmil 602 00:44:56,001 --> 00:44:59,000 pou pwochen leson an. 603 00:44:59,001 --> 00:45:09,000 Mwen vle gade avè nou yon lide enpòtan, 604 00:45:09,001 --> 00:45:10,000 yon zouti pou limit. 605 00:45:10,001 --> 00:45:12,000 Konsa, sa pral tounen yon teyorèm. 606 00:45:12,001 --> 00:45:17,000 Erezman se yon teyorèm tou kout. 607 00:45:17,001 --> 00:45:19,000 E li gen yon prèv tou kout. 608 00:45:19,001 --> 00:45:22,000 Teyorèm lan rele 609 00:45:22,001 --> 00:45:28,000 «si yon fonksyon gen derive, fonksyon an gen kontinuite ». 610 00:45:28,001 --> 00:45:33,000 E men sa teyorèm lan di : Si f gen derive, 611 00:45:33,001 --> 00:45:41,000 sa vle di, si derive a egziste nan x0, 612 00:45:41,001 --> 00:45:59,000 , f kontini nan x0. 613 00:45:59,001 --> 00:46:02,000 Konsa, nou pral bezwen teyorèm sa a tankou yon zouti, 614 00:46:02,001 --> 00:46:05,000 se yon etap enpòtan nan règ pwodui ak kosyan. 615 00:46:05,001 --> 00:46:12,000 Alò, mwen ta renmen bay prèv teyorèm la kounyea. 616 00:46:12,001 --> 00:46:16,000 Bon, men prèv la. 617 00:46:16,001 --> 00:46:20,000 Erezman, prèv la se sèlman yon grenn liy. 618 00:46:20,001 --> 00:46:24,000 Dabò, m vle byen ekri sa nou bezwen 619 00:46:24,001 --> 00:46:27,000 tcheke a. Men sa nou bezwen 620 00:46:27,001 --> 00:46:31,000 tcheke a : èske limit, 621 00:46:31,001 --> 00:46:41,000 èske limit lè x ap pwoche x0, de f(x) - f(x0), sa egal 0 ? 622 00:46:41,001 --> 00:46:42,000 Wi, se sa nou vle tcheke. 623 00:46:42,001 --> 00:46:45,000 Nou poko konn si se vre. Men, n ap eseye tcheke 624 00:46:45,001 --> 00:46:47,000 si sa se vre ou si se pa vre. 625 00:46:47,001 --> 00:46:50,000 Sa se menm ak pawòl ki di fonksyon an kontini 626 00:46:50,001 --> 00:46:54,000 paske limit f(x) la sipoze egal f(x0), 627 00:46:54,001 --> 00:46:59,000 e konsa diferans sa a dwe gen limit 0. 628 00:46:59,001 --> 00:47:03,000 E kounyea, jan pou nou pwouve sa, se annik reekri li 629 00:47:03,001 --> 00:47:09,000 apre nou miltipliye epi divize li pa (x-x0). 630 00:47:09,001 --> 00:47:18,000 Konsa, m ap re-ekri limit lè x ap pwoche 0 de f(x ) – f (x0 ) divize pa x-x0 miltipliye pa x-x0. 631 00:47:18,001 --> 00:47:25,000 limit lè x ap pwoche 0 de f(x ) – f (x0 ) divize pa x-x0 miltipliye pa x-x0. 632 00:47:25,001 --> 00:47:29,000 Oke, m te ekri menm espresyon mwen te genyen la a. 633 00:47:29,001 --> 00:47:31,000 Se menm limit la. 634 00:47:31,001 --> 00:47:38,000 Men, mwen te ni miltipliye l ni divize l pa (x-x0). 635 00:47:38,001 --> 00:47:45,000 Epi kounyea, lè m kalkile limit la, men sa k rive: limit premye faktè a se f’(x0). 636 00:47:45,001 --> 00:47:47,000 limit premye faktè a se f’(x0). 637 00:47:48,001 --> 00:47:53,000 Se sa nou konnen ki egziste an patan, dapre sipozisyon nou. 638 00:47:53,001 --> 00:48:00,000 Epi limit dezyèm faktè a se 0 paske 639 00:48:00,001 --> 00:48:06,000 limit lè x ap pwoche x0 de (x-x0) se 0. 640 00:48:06,001 --> 00:48:09,000 Se byen sa. 641 00:48:09,001 --> 00:48:12,000 Repons lan se 0, e se byen sa nou te vle. 642 00:48:12,001 --> 00:48:14,000 Kidonk se prèv la. 643 00:48:14,001 --> 00:48:19,000 Kounyea, gen yon bagay ki pa klè ditou nan prèv sa a. 644 00:48:19,001 --> 00:48:26,000 Kite m montre nou sa anvan nou kontinye. 645 00:48:26,001 --> 00:48:33,000 Sa vle di, nou abitye ak limit kote x egal x0. 646 00:48:33,001 --> 00:48:35,000 E sa sanble n ap miltipliye, epi pa 0. 647 00:48:35,001 --> 00:48:40,000 Sa se yon operasyon ki gate prèv 648 00:48:40,001 --> 00:48:43,000 nan nenpòt ki sitiyasyon aljebrik. 649 00:48:43,001 --> 00:48:45,000 Yo te montre nou sa pa ta ka janm mache. 650 00:48:45,001 --> 00:48:47,000 Dakò. 651 00:48:47,001 --> 00:48:52,000 Men, kalkil limit sa yo jwenn yon jan pou yo kabre pwoblèm sa a, 652 00:48:52,001 --> 00:48:55,000 e mwen pral byen esplike ki jan sa fèt. 653 00:48:55,001 --> 00:49:03,000 Nan kalkil limit sa a, nou pa janm sèvi ak x=x0. 654 00:49:03,001 --> 00:49:06,000 Se egzakteman valè x nou pa konsidere 655 00:49:06,001 --> 00:49:09,000 ditou nan limit sa a. 656 00:49:09,001 --> 00:49:11,000 Se konsa nou kalkile limit. 657 00:49:11,001 --> 00:49:15,000 E se sa ki te tèm lan jodi a jouk kounyea : 658 00:49:15,001 --> 00:49:18,000 nou pa dwe konsidere x=x0, e sa fè miltiplikasyon 659 00:49:18,001 --> 00:49:21,000 ak divizyon pa kantite sa a legal. 660 00:49:21,001 --> 00:49:23,000 Kantite sa a ka piti. Men, li pa janm 0. 661 00:49:25,001 --> 00:49:28,000 Kidonk, sa mache tout bon vre. 662 00:49:28,001 --> 00:49:32,000 Epi nou fèk sot montre ki jan yon fonksyon ki gen derive se yon fonksyon ki kontini. 663 00:49:32,001 --> 00:49:38,000 Konsa, m ap gen pou m kontinye ak limit sa yo ki enteresan anpil, 664 00:49:38,001 --> 00:49:42,000 limit nan pwochèn leson an. 665 00:49:42,001 --> 00:49:46,000 Men, an nou fè yon kanpe pou yon segonn pou n wè si gen kesyon 666 00:49:46,001 --> 00:49:47,000 anvan nou rete. 667 00:49:47,001 --> 00:49:48,000 Wi, gen kesyon. 668 00:49:48,001 --> 00:49:49,000 Etidyan (Son an pa klè) 669 00:49:49,001 --> 00:49:53,000 [Son pa klè] 670 00:49:53,001 --> 00:50:00,000 Pwofesè: Repete prèv sa a la a? 671 00:50:00,001 --> 00:50:02,000 Repete sa w di a. 672 00:50:02,001 --> 00:50:08,000 Etidyan: [Son pa klè] 673 00:50:08,001 --> 00:50:13,000 Pwofesè: Oke, konsa gen 2 etap nan prèv la. 674 00:50:13,001 --> 00:50:17,000 Etap w ap poze kesyon sou li a se premye etap la. 675 00:50:17,001 --> 00:50:18,000 Kòrèk? 676 00:50:18,001 --> 00:50:21,000 E mwen sa m ap te di: si ou gen yon kantite epi 677 00:50:21,001 --> 00:50:24,000 ou miltipliye kantite sa a pa 10/10, se menm kantite a. 678 00:50:24,001 --> 00:50:26,000 Si ou miltipliye l pa 3/3, se menm menm kantite la. 679 00:50:26,001 --> 00:50:30,000 2/2, 1/1 epi ale nèt. 680 00:50:30,001 --> 00:50:32,000 Konsa, sa kòrèk si ou chanje sa a pou sa a. 681 00:50:32,001 --> 00:50:34,000 Se menm bagay la egzakteman. 682 00:50:34,001 --> 00:50:36,000 Se premye etap la. 683 00:50:36,001 --> 00:50:41,000 Etidyan: ( Son pa klè) 684 00:50:41,001 --> 00:50:45,000 Pwofesè: Chhhhhhh. 685 00:50:45,001 --> 00:50:52,000 Kesyon an, se kouman prèv la, kouman liy sa a ye? 686 00:50:52,001 --> 00:50:53,000 Kote pwen entewogasyon an ye a. 687 00:50:53,001 --> 00:50:56,000 Konsa, sa m te tcheke se si kantite sa a ki sou bò goch la 688 00:50:56,001 --> 00:51:02,000 egal a kantite sa a ki long e ki konplike a 689 00:51:02,001 --> 00:51:06,000 ki egal a kantite sa a ki egal a kantite sa a. 690 00:51:06,001 --> 00:51:08,000 Kidonk mwen tcheke pou wè si kantite sa a egal paske 691 00:51:08,001 --> 00:51:12,000 dènye bagay la se 0. 692 00:51:12,001 --> 00:51:16,000 Sa a egal sa a ki egal sa a ki egal 0. 693 00:51:16,001 --> 00:51:17,000 E sa se prèv la. 694 00:51:17,001 --> 00:51:21,000 Etidyan: ( Son pa klè) 695 00:51:21,001 --> 00:51:30,000 Pwofesè: Sa se yon kesyon diferan. 696 00:51:30,001 --> 00:51:36,000 Oke. Mwen sèvi ak ipotèz diferansyèl la 697 00:51:36,001 --> 00:51:39,000 paske limit sa a egal a kantite sa a. 698 00:51:39,001 --> 00:51:40,000 Limit sa a egziste. 699 00:51:40,001 --> 00:51:44,000 Se konsa m sèvi ak ipotèz teyorèm lan. 700 00:51:44,001 --> 00:51:47,000 Konklizyon teyorèm lan se se menm ak sa a paske 701 00:51:47,001 --> 00:51:52,000 kontinuite se menm ak limit lè x ap pwoche x0 702 00:51:52,001 --> 00:51:56,000 limit lè x ap pwoche x0 de f( x0) 703 00:51:56,001 --> 00:51:57,000 Se definisyon kontinuite. 704 00:51:57,001 --> 00:52:02,000 E m te retire f(x0) nan tou le 2 bò yo pou m fè 705 00:52:02,001 --> 00:52:06,000 Konsa m di se kontinuite e se menm ak 706 00:52:06,001 --> 00:52:10,000 kesyon sa a la a. 707 00:52:10,001 --> 00:52:11,000 Dènye kesyon. 708 00:52:11,001 --> 00:52:16,000 Etidyan: Kouman ou fè jwenn 0 a? (Son an pa klè) 709 00:52:16,001 --> 00:52:18,000 Pwofesè: Kouman nou jwenn 0 a nan sa a? 710 00:52:18,001 --> 00:52:20,000 Konsa, sa mwen di a, se pou ki sa kantite sa a 711 00:52:20,001 --> 00:52:24,000 ap pwoche lòt kantite sa a. 712 00:52:24,001 --> 00:52:27,000 M ap bay yon egzanp. M ap oblije efase yon bagay 713 00:52:27,001 --> 00:52:28,000 pou m esplike sa 714 00:52:28,001 --> 00:52:35,000 Men sa m di: limit lè x ap pwoche x0 de x-x0 se 0. 715 00:52:35,001 --> 00:52:37,000 Se sa m di. 716 00:52:37,001 --> 00:52:39,000 Oke. Èske sa reponn kesyon an? 717 00:52:39,001 --> 00:52:42,000 Dakò. 718 00:52:42,001 --> 00:52:45,000 Mande m lòt kesyon apre leson an.