RES.24-002 | Spring 2023 | Non-Credit

MIT-Haiti Initiative / Inisyativ MIT-Ayiti

Ki jan Inisyativ la devlope?

Apre yon senpozyòm lansman nan MIT ann oktòb 2010, nou te òganize yon seri atelye entansif ann Ayiti, depi 2012 rive 2016, pou n fòme anviwon 250 pwofesè nan pedagoji modèn epi kore itilizasyon kreyòl la kòm lang ansèyman ki djanm. Sis nan pwofesè sa yo te vin vizite MIT ann oktòb 2015 pou yo patisipe nan atelye espesyalize sou pwodiksyon materyèl aprantisaj aktif an kreyòl. Lè pwofesè sa yo tounen lakay yo, yo kreye Konbit MIT-Ayiti pou yo ofri menm kalite atelye sou aprantisaj aktif pou kòlèg edikatè yo ann Ayiti.

N ap devlope (2017 – jis kounye a) yon seri gid pou pratik ansèyman ki baze sou aprantisaj atif nan fizik, byoloji, chimi ak matematik (nou pibliye Gid Fizik MIT-Ayiti an 2019).

Nou lanse Platfòm MIT-Ayiti an 2019. Depi lè sa a, n ap ranmase, òganize epi pataje bon jan kalite materyèl gratis sou entènèt an kreyòl — materyèl nan tout matyè, nan tout nivo.

Course Info

As Taught In
Spring 2023
Level