RES.24-002 | Spring 2023 | Non-Credit

MIT-Haiti Initiative / Inisyativ MIT-Ayiti

Ki rezon ki lakòz lansman Inisyativ MIT-Ayiti?

Sitiyasyon povrete ak baryè lang vin fè yon gwo pati nan popilasyon an — sitou moun nan zòn rekile yo e menm nan vil yo — pa fouti jwenn edikasyon bon kalite. Depi 1804, lang kreyòl la prèske absan nan dokiman ak espas fòmèl k ap pwodwi epi transmèt konesans. Se franse ki lang prensipal nan lekòl ak inivèsite, enstitisyon piblik ak prive, tribinal, labank, medya enprime e latriye. Sa ki vin fè frankofoni sa a kreye gwo divizyon paske se 100% popilasyon an ki pale kreyòl fen e byen alòs ke se yon ti zuit pousantaj ki pale franse lakay yo.

Travay Inisyativ la montre ki jan lang kreyòl la ka sèvi nan yon modèl ansèyman djanm ki baze sou pedagoji entèraktif pou ede plis moun jwenn pi bon kalite edikasyon. Epi, tou, nou ofri lòt estrateji pou kaba tradisyon pa kè (jako repèt san konprann) ansanm ak esklizyon sosyal ki bloke devlòpman peyi a depi plis pase 2 syèk.

Course Info

As Taught In
Spring 2023
Level