RES.24-002 | Spring 2023 | Non-Credit

MIT-Haiti Initiative / Inisyativ MIT-Ayiti

Ki sa ki Platfòm MIT-Ayiti?

Nan atelye ak senpozyòm MIT-Ayiti soti 2010 rive 2017, patisipan yo te mete yo dakò sou enpòtans lang kreyòl la kòm zouti ki endispansab nan tout nivo nan systèm edikasyon an. Se kon sa Inisyativ la te vin lanse yon platfòm nimerik, https://mit-ayiti.net/, kote tout etidyan ak anseyan, alawonn Badè, ka jwenn epi kontribye nan kreyasyon bon kalite materyèl an kreyòl. Materyèl sa yo ka sèvi kòm egzanp pou kreye pi plis materyèl pou anseyan yo.

Platfòm sa a se yon konbit lajman laj ki reyini anseyan — Grenadye ak Grenadyèz — k ap met tèt ansanm pou bati yon lòt kalite lekòl ki valorize tout pitit peyi a. Se yon zouti ki sèvi pou kreye, ranmase, evalye, seleksyone, revize, òganize epi pataje materyèl an kreyòl pou sal klas.

Ki donk, youn nan dimansyon fondamantal platfòm lan se kolaborasyon pou n konstwi ansanm yon lòt modèl lekòl kote tout ti moun gen plas yo. Platfòm lan ofri divès kalite materyèl : materyèl ki pou sèvi nan sal klas, nan tout nivo e nan tout matyè ; materyèl pou pwofesè ki ta renmen sèvi ak pi bon metòd nan sal klas, echantiyon plan leson, konsèy ekspè sou ansèyman, entèvyou ak atis, kreyolis ak lòt aktivis k ap goumen pou edikasyon bon kalite nan peyi d Ayiti.

Course Info

As Taught In
Spring 2023
Level