RES.24-002 | Spring 2023 | Non-Credit

MIT-Haiti Initiative / Inisyativ MIT-Ayiti

Lang manman kòm zouti ki nesesè pou aprantisaj aktif

Aprantisaj la vin aktif se lè aprenan yo ka patisipe djanm djanm nan bati pwòp konesans yo. Rechèch syantifik montre, lè aprenan yo sèvi ak lang matènèl la, klas la vin pi anime, aprantisaj la vin pi pwofon epi elèv yo konprann pi byen.

Pou sa ki konsène wòl lang matènèl nan edikasyon, rechèch syantifik montre, aprann nan lang matènèl la ede elèv yo fè refleksyon ki gen nanm, e sa ede yo devlope lide ki pi solid. Epi, tou, Konstitisyon 1987 la rekonèt kreyòl kòm « sèl lang ki simante tout Ayisyen nèt ansanm ».

Anseye nan lang yon kominote metrize pi byen pèmèt tout patisipan — aprenan tankou anseyan — pi alèz pou brase lide, pataje konesans, esplike sa yo konprann oswa sa yo pa konprann san pwoblèm.

Lè nou sèvi ak lang matènèl ansanm ak pedagoji modèn ki chita sou bon jan zouti, sa bay ti moun yo fondasyon ke yo bezwen pou yo byen aprann tout lòt matyè : syans, matematik epi lòt lang tankou franse, angle, panyòl e latriye. Avèk bon jan fondasyon akademik sa yo, aprenan yo kapab bati yon nivo konesans djanm pou yo vin pwofesyonèl ki kreyatif e ki ka ede peyi a gen bon jan kwasans ekonomik.

Course Info

As Taught In
Spring 2023
Level